Limyè wouj.


Yon gougougaga douvan kè m

Te sifi pou chavire kontantman m

Ou vini ak fòs paske w te konnen

Souri m gen sis (6) mwa daj.


Opinyon pa t janm fèt pou ret toutouni

Ou bare m sou plas piblik

Voye men, tire wòch 

Lanbe m nan tout entegralite m ak pawòl sal.


Yon jou konsa,

Tan solèy t ap file lamizè

Anba limyè wouj,

Zanmitay nou pran bal.


Men...ki mele w si venn pran plas po? 

Lavi w san fren,

Konsyans ou woule sou katriyèm vitès

Alòs, nan kafou regrè nanm mwen pote mak sonje.



Comments

Post a Comment