Dezespwa.


Ou deboule ak tout vitès 

Tankou yon zetwal k ap file al bay timoun move lespwa sou lavi granmoun.

Ou vini tankou sizyèm peche mòtèl 

Louvri kò mwen sou plezi lachè

Pote bouwe tout lanperèz mwen

Tankou yon sanzabri ki pa chape mechanste dlo zye lesyèl. 

Sant kò w te bousòl k ap dirije mwen.

Ou ale...

Tankou chat vwazinaj pyeje, angrese, sere pou frape yon 24 desanm.

Poutan, batman kè m pouse m pi fon

Jous lachte w rive toufe m.

Comments