Kay lanmou w kanpe tennfas devan m
Fenèt, pòt, ak baryè w
Tout fèmen!
Ou menm woule babele
Sou tèt mi lespwa.
Kè kontan ou se ti kouto de bò
Ou vire l epi tounen l jan w vle nan nanm mwen
Prezans mwen se pi gwo malèz ou.
Zye m se lonbraj anba pla pye w
Tankou chyen k ap tann moso zo
Kwi m lonje depi 1994.
M ap kannale bò lari lavi w
Vwa m?
Se rèl foumi anba sapat lèzòm.
Comments
Post a Comment