Solèy...

Fènwa t ap trennen kè m nan tout rakwen lavi

Zye m tonbe sou ou

linivè mare prezans ou nan souri m

epi... lavi pran fòm bonè.

Batman kè m pot non w

Ou mete santiman m kanpe sou de ran 

tankou yon diskisyon de matlòt pete bò lari.

Lespri m trase koub bouch ou

Nan dòmi men w toujou ap flannen sou po m.

Mwen se yon timoun ki anvi jwe nan dife w

Malgre tout pinnga,

son vwa ou klete w nan nanm mwen

Ou bay lanmou m vi.

M vle w...

Genyen w ap mete pwen dèyè soufrans mwen

M pa vle w...

Pa genyen w ap ogmante enpòtans ou pou mwen.

Comments