Lespwa.

 Pakèt santiman m mare

Dye ban m pèmisyon

Nan vi sila ou pa pou mwen.


Lè nou mouri

n ap fèt ankò 

Youn pou lòt

youn nan lòt


N ap makonnen nan lajwa kou lapèn.


Nan kafou lanmou 

m pral tann ou

Vin jwenn mwen ak raj

Tankou paran ki fache pou moso vesèl timoun kraze.


Lè n kwaze

lajounen kou lannwit

Non w pral monte desann nan bouch mwen

Renmen va sinonim prezans ou.


Fwa sa

okenn lòt p ap sa jwe nan jwèt nou

M ap kòmanse nan dènye bout ou

W ap fini nan souf mwen.


Pakèt santiman m mare

Lè nou mouri

n ap fèt ankò

Kò w ak kò m pral banbile nan ke lakansyèl.

Comments