Dènye jou...




Yon chanm fènwa ak on pòt ki louvri fèmen sou reyalite. 


Yon pòt ki kite on solèy rechinya , fè n lasisin. Yon solèy rizyèz k ap tante souf nou ak yon souri devandèyè. Yon chanm pou yon dividal kò:' kanpe , rele , chita , kriye , sote ponpe' , pou moun griyen dan yo tankou moun fou. Yon chanm epi tout kalamite pran sans . Dlo zye klere pase ti pichkannen solèy. 

Yon chanm fènwa pou yon latriye san k ap konte kawo seramik.


Yo jwe marèl , jwe pench , sote kòd , teke mab. Rèl la pati on lòt fwa ankò. Tout moun men nan tèt , senti mare , sandal al file wòch nan mitan lakou , pye ap fè lanmou ak tè. Rèl la pati epi chodyè a monte dife. Yon kafe byen fò  pral envite pen danse. Arebò tab la , fèy zanmann ap fè laplanch nan yon kivèt dlo. Rèl la nik pati , jenn gason gentan reyini pou vin chante , danse , joure . 



Gwòòòòòòòg!!!!! 

Tout moun sou nan fason pa yo. Chanm lan te byen fènwa , pèsonn pat ka fòse l sòti epi lanmò pase. Li sòti byen fasil , byen rapid , de pye devan. Sou kav la yon senp mo ekri : «Souri» .

Comments